Rechercher dans ce blog

samedi 12 décembre 2020

Sipozisyon VS reyalite

 Plizye fwa nou toujou ap imajine kek bagay kijan y'ap ye si yo ta rive reyel. Malerezman pi souvan nan vi sa gen anpil bagay ki pa rive pase jan ke nou souvan espere a, soti depi nan achte yon bagay sou entenet, al rankontre yon fanm ke ou fe rankont ak li sou Facebook oswa kenpot rezo sosyo a. Jodia nou rekonpile pou ou 9 sipozisyon ak reyalite.

  • Foto moun ki ap vann sou net la VS moun ki achte a.
Imajine ou achte yon rad konsa epi antanke gason tout pwent tete ou deyo, lonbrit ou elatriye.


  • Lew al eseye prepare lakay ou yon Taco Meksiken.
Sa poko rive ou pou ou al eseye prepare yon pla ou we sou entenet epi li pa soti jan kew te espere a?



  • Sa fem mal lem resevwa  abdenwel sa  kem achte pou 120 dola us sou Facebook. Moun lakay mwen pa sispann ri mwen depi mwen fin resevwa li a. 


  • Me sa tonton'm nan resevwa apre li fin achte mask sa nan preparasyon li ap fe pou kanaval  prezidan Jovenel anonse pou Podepe a.


  • Sa mwen te panse kem tapral bwe a se pa li. Mwen santim desepsyone.


  • Le ou achte yon Pizza ak fwomaj epi sel boul farin nan vini jwen ou.

  • Map kapab kouche sou li selman pou'm kriye

  • Mwen achte rad sa ou entenet pou menaj mwen me kisa ki vin jwenn mwen.


  • Omwen chyen mwen an rive viv pisin nan,


Ki egzanp ou menm ou genyen kew ta renmen sijere nou pou fe lis la pi long?

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire