Rechercher dans ce blog

mercredi 9 décembre 2020

Blokaj kat sim ki pa anrejistre pa Digicel-Natcom



Depi kek tan nan peyi d'Ayiti sa nou rele kidnaping nan vin pi fasil a tande kew ta rive jwenn pwodwi premye nesesite yo. Pandan lavi a ap vin pi che epi dola ap taye banda san oken balans ant pri pwodwi yo, pep la ap fe fas ayon emoraji san fe anba men bandi san fwa ni lwa. Malgre deklarasyon bandi ki di yo fe Kidnaping leta pa janm di anyn nan sa, Yo menm arive jwenn machin moun ki ap bay prezidan sekirite nan bagay sila e lot bagay msye kidnape yo menm arive pase sejou a ansyen fanm gran chef sekirite pale nasyonal la.

Pou anpil moun sim ki pa anrejistre yo gen anpil bagay pou we nan sa, yon bagay ke PDG Digicel la te demanti, nou vle pale de Maarten Boute.PDG a te arive defann konpayi pa li a ak tout advese li a kise Natcom, kom tez li te di ke pa gen yon baz done disponib pou sa. Baz done sila ta dwe kreye pa ONI. Yon lot kote li di ke Kidnape yo abitye itilize nimewo moun yo kidnape yo. 

San nou pa vle soti inyoran nou vle mande eske bank ki ap bay lajan yo gen yon baz done apa pou yo, yon fason pou genyen yon fyabilite ki pi korek? Nou rete kwe, menm jan yon moun kapab lonje pyes li e jwenn yon sevis ki korek labank, lekol, nan biwo leta elatriye, konpayi yo kapab fe de mem pou anrejistreman yo. Lot bagay anko yo kapab anplwaye de teknik pou li pa paret fasil pou yon moun itilize kat yon moun san kel pa kite tras li, pou nou se sa ki pi enpotan. Me kijan yo kapab fe sa:

  1. Tout sim dwe vann e anrejistre sou plas
  2. Moun nan ka achte sim nan e anrejistrel sou net la pou kol.
Nan premye pati a, moun nan dwe prezan pou achte sim li paske yap bezwen done li pou vann li sim nan e foto li ki dwe fet pa ajan ki ap vann sim nan oubyen moun ki ap vann lib nan lari a. Pou sa konpayi yo ap rive kreye yon sistem pou sa, yon sistem de stokaj ak tout tretman. An ka de bezwen yap kapab itilize li tre fasil.

Pou dezyem nan, moun nan ki achte sim nan nan lari a ap gen yon tan ki kout devanl pou anrejistre sim nan e pap gen posiblite pou fe ni apel, ekri mesaj e aktive net sou li tout tan li pa anrejistre sim nan nan yon aplikasyon ki ap disponib pou sa ki ap genyen yon itilizasyon lib. li Kapab rezime ak yon senp sit entenet tou. men kijan sa ap fet:
  1. Moun ki achte sim nan ap dirijel sou sit konpayi a, li ap ale nan seksyon ki la pou sa a.
  2. Li ap ranpli fomile ki la pou sa a, ki ap genyen chan pou non, prenon, laj, kote moun nan ap viv, nimewo kat elektoral/paspo li, ak tout done ke konpayi a twouve ki nesese.
  3. Nan yon pati li ap monte foto kat elektoral/paspo li itilize a.
  4. Li ap monte yon bout foto li ak pyes li itilize a kenbe nan menl, nan ka sa vizaj li dwe paret e pyes la dwe lizib.Li tou: L'inexistence de la commune de Plaisance du Nord et quelques de ses besoins

Yon lot bagay anko, malgre ki chaje risk, ak konplisite fanmi viktim nan konpayi a kapab pwosede a bloke sim ke kidnape yo ap itilize pou rele fanmi viktim nan jan sa ap fet aktyelman la a. Si pa gen kontak ap fanmi viktim nan pap gen ranson, si pa gen ranson pap gen kidnapin. Yon fwa kidnape yo pa gen sim ki lib pou yo itilize sa ap pemet li pi fasil pou idantifye yo. Nan ka ou se ta va bloke sim yap rele yo, yap vin twouve yo enpwisan, imajine chak sim yo rele sou li bloke, yap vin twouve yo san kominikasyon. se vre kapab gen lanmo ladann, men pa bliye nou se mo an vakans, ou soti san konnen siw ap antre e anplis si yo kenbew ou paka peye yo ou riske pou yo fizyew tou. Yon fwa pou tout nou dwe fini ak kidnapin sa ke nou dejne, dine e soupe chak jou sa.

Nan peyi Sendomeng yo vann sim lib tou, sa gen kek ane enstans ki la pou sa te mande bloke sim ki pat anrejistre yo e konpayi yo te bay tout moun dele pou vin anrejistre sim yo, nou ka dil se pa paske yo te genyen ka kidnapin e jiska pandan nap ekri teks la yo kontinye vann sim nan lari, men sim sa yo siw pa rive anrejistre yo ap rive bloke nan men ou. Li tou: Un pays indépendant colonise par d'autres

Si vreman vre konpayi yo pa plis sansib a yon bes nan vant sim yo, oubyen pedi yon kantite kliyan ken paka rive imajine, yo ta dwe twouve yon mwayen pou fini a bagay vann sim lib sa. Kouraj a tout moun ki swa pedi fanmi yo, oubyen viv yon move moman paske atoufe san fwa ni lwa diw ke yo pap kenbe moun nan twop pou ou, pandan ke ou pat bay kenbe peson eli pat baw sere lajan pou li non plis tou. Sonje nou nan batay, e pa gen batay san sakrifis ni san. Yon jou li a jou!

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire